top of page
Blue Wall
Blue Wall

ANTRE LI NAN MISYON AN

Lè Misyonè a rive sou 44 tran li, YAHWEH konfimel, li se GRAN PRÈT Wayòm lan. 44 se 4+4=8 pou chif enfini an lè'l kouche. Pozisyon kouche chif 8 la vledi akouchman 8 tyèm Legliz la, ke fanm Apokalips 12 la vin inogire nan dezè spiriryèl mond lan ki se Hayiti. Se konsa, le 28 Oktòb 2019, Misyonè a retounen nan dezè a anba founèz dife manifestasyon pèp Siyon an. Li kite Repiblik Dominiken kotel tap viv ak tout 4 pitit vânt li plis yon grandèt fi li adopte. li etabli premyer asanble a nan premye ti Tanp ble syèl nan etaj Kafou kwa Fleryo a, Taba 27, anfas simityè a. simityè sa se senbòl mò yo ke misyonè Lavi a vin resiste. Adrès taba 27 sa a anonse tou ouvèti 27 liv Nouvo Testaman yo. La sete senbòl yon nouvo chanjman: Se lè a ki rive pou zosman deseche Ezekyèl 37 yo jwenn restorasyon Lavi Syèl la te pwomèt la. Se sa ki pren esansyèl MINISTÈ REKONSILYE AK LAVI.

Blue Wall

CHEMEN NOU PASE

Blue Wall
Blue Wall

DEKLARASYON MISYON AN

Pou sa ki poko konen, Èv, Vyèj Mari ak GRAN PRÈT la se  menm fil reyenkanasyon paske premye Abel la te préfigure YESHUA ki vi'n jwe wòl mouton ki pou lave peche dezobeyisans ki te chita kòl nan lento pòt limanite a kap pise giyon anda. 29 Desanm 2019, nan premye deklarasyon YAHWEH ak bouch GRAN PRÈT la, li deklare bay pitit Izrayelit li yo li retounen ak DIS KÒMANDMAN PLIS LANMOU. Sa vle di tou 2 Testaman yo akonpli, sanztann YAHWEH vini ak yon men fè nan yon gan vlou ki se Jistik lanmou. Yo se mouche ak madam,Tankou Solèy ak lapli, youn pa mache san lòt. Dis Kòmandman ak Lanmou se tankou zo ak vyann pou èt imen an, se zosman deseche ki resevwa benediksyon chè a. 

Blue Wall

PREMYE KONBA ESPIRITYÈL YO

Kòm depi sou peche Èv ak Adan, gen yon sous dlo sal, yon misyon kap koule, YAHWEH voye fè premye chase Zane Delhi yo yon kote ki rele TI RIVYÈ pou senbolize kous TI RIVYÈ sa, saa. Non zòn lan veld tout baggy PETIT TROU DE NIPPES se "PETIT TROU DE PENIS" lè'w konn kòman pou ranje chak grenn lèt ki san yon Vèvè ki la pou gide konpreyansyon. YAHWEH te fè GRAN PRÈT la wè kreyati li tal detwine yo se jean yo ye. Labib rele yo NEPHILIM. Anefè, se konsa peche te antre sou tè lè zand lan syèl te tanbe damour fanm sou latè. Zanj dechi sa yo se yo menm malgre gran rivyè delij la te ale ak kò yo, lespri peche dous lè libètinaj la tou rete lan lòm. Se pousa san Gran Rivyè KRIS LE MOUTON te travèse e se pousa tou san GRAN PRÈT la ki se Èv ti rivyè a ki se MOUTON te dwe koule tou kòm mansyèl pou chak misyon.

Blue Wall
Blue Wall

SWIT MISYON YO

Lè yon twòn satanik gen similan,depi lap fonksyone nan rebelyon'l, li pap janm dakò yon bon maten poul pèdi alèz li. Bib la demontre nou sa nan 6 premye plonje NAAMAN te oblije fè anvan'l te jwenn gerizon lèp li a. Map raple nou LEPRE se PERLE sou setyèm nan. Se pou rezon saa ki fè Vatikan te demoli koze SABA pou rèy (znmafe) Satan an te ka toujou renye. Yo konen yap pèdi men kòm se ansyen sòlda YAHWEH yo ye, pa ògèy, yo deside kenbe zam nan men yo. Se konsa sa KRIS ki se lespri YAHWEH tap mennen nan yon grenn fanm ak kèk Fidèl nan tout sit kote yo pase. Bagay yo pat janm dous. Kèk sòlde, sa ki pi fèb yo rive tonbe. An mil akizasyon tonbe tou. Men, YAHWEH pran chaj afèl.

Blue Wall

PI GWO ANTRAV MISYON AN

Lè nou fin etire ti pwoblèm entèn trafic enflions pou bòn gras Trinite avèk moun ki di yo menm se YAHWEH yo konen, pigwo antrav pou rive sou pèp la, se te 2 bagay ki se koze menm li ye ak Vodou nou pat konen an ak koze Nòs Anyo a. Bagay sa yo tefè appli moun kraze ras. Premyèman, yo pat konen ni koulèv lan Paradi a, ni koulèv lan dezè a se te  Lwa DAMALLAH. Se yon chaj yo lage sou Sèpan paske se li kap ranpe atè plat pi long li fann li paka pale. Poutan li reprezante Tribi DAN, yon Tribi pèdi paske'l pat site lan Apokalips. Rezon, li te gen menm aspè ak Hayiti. Lòt bagay ki te fè moun yo ratibwaze, se te Nòs Anyo a moun yo pat konen se te yon entèmèd lan fim lan kote pou YAHWEH rive sou Lyon Tribi Jida a, li oblije pase pa anyoa. Se Apokalips ki revele sa lè Jan Vire poul gade lyon  yo dil ki Louvri Liv la li gade li wè yon mouton sakrifye. An reyalite YAHWEH ki se Papa/Manman tout Espri yo, li konn chanje fas. Se sakfè li sèvi anpil ak parabòl.

Blue Wall
Blue Wall
Blue Wall

JISTIS AK DWATI

Finalman, apre twazan edmi an, lè onvriye onzyèm è la, GRAN PRÈT la fin sinyale tout pedi a, e li pote viktwa pou fòs ki kont chanjman yo. YAHWEH parèt ak trapo wouj e blan an ki sinifi jistis (viktwa) pou pèp Sen an . Men tou, drapo saa vledi KONSOLE, KONSOLE, TOUT PECHE YO EFASE. Poun fini, wouj la reprezante peche ki wouj kou san, e ki vi'n jwenn gras poul blan tankou koton. Misyon an akonpli. Moun li konfye nouvo drapo saa se Frè Abel, ke demi lan kòmansman an, 12 Janvye 2020, li te di Frè a se Cheval Mawon kap mache sou kotel ki se Cheval Blan.

​

Gen kèk reyalite kiltirèl blan ki fè nou menm ayisyen dekonekte ak yo, men nou pat gen ase vizyon  pou'n te wè sa, 

bottom of page