top of page
Blue Wall

MOUN YAHWEH VOYE A

Marie Sylvanie Ramzey se yon Ayisyèn, yon fanm nwa ki se vyèj Mari ki retourne nan kò sa a. YAHWEH KREYATÈ a chwazi'l pou sèvi avèl, kòm yon pon pou beni vrè pèp Izrayèl la ki kache nan sen ras nwa a. Se yon Sèvant ki pase 3 zan 6 mwa nan vant manman'l anvan li te rive wè limyè solèy la. Dire sa a, se mwatye 7 tan ki se chif pafè Kreyatè a. Nan sans sa a YAHWEH demontre tout moun se Sèvant li sa sa ki se "SIY JONAS" KRIS te pwofetize nan Bib la. Nan chèche prèv, nou jwenn nimewoloji konfime tout sa ak mo "POISSON" ki totalize 107, menm jan ak SYLVANIE ki sèvi pon an pou ranpli Misyon Rekonsilyasyon ki te anonse nan Malachi 4: 6 ki pale de rekonsilyasyon PAPA YAHWEH ak pitit li yo oubyen Syèl la ak Tè a.

Blue Wall

GRAN PRÈT WAYAL SA MAJESTE LE WA YAHWEH.

ANFANS MISYONÈ A

 

GRAN PRÈT la fèt Duvalier Ville (Kabarè), papa'l soti nan yon ti zòn ki rele Sorèl ki nan Benè. Lè manman'l mouri, papa'l te oblije mete'l nan yon òfelina misyonè Ameriken. Se ak moun sa yo li ta pral viv tankou Moyiz ki grandi andan kay Farawon, pou'l aprann lang yo ak fason yo viv.  yo te domine sou pèp Hayisyen an. Misyonè American sa yo reprezante Farahon Ejip ki mete pèp chwazi a an esklavaj.

 

An gwo, li te pase yon pati nan timoun li nan restavèk, lwen kote fanmi'l soti: zòn Sorèl ki nan Benè. YAHWEH ghazi BENÈ sa, esprè pou fe nou sonje BENIN kote sous Vodou a ye nan tè Afrik la. Vodou tout moun pat konnen si se vannen Mèt li voye Sèvant lan vin vannen'l pou fèl tounen VODOU PISAN. Men, se nan laj 20 tan li tapral Kòmanse tande vwa YAHWEH ki mande'l chak Jedi pou'l mete yon sandal po bèf. Nimewo pye a se 11, ou byen 44 ki make laj 44 tran kote Misyonè 11 zyèm è a tapral kòmanse Misyon li. Sa ki pi remakab la lè'w adisyone 11+44 li bay 55 ki se nimewoloji Satan li vin konbat la: S-19, A-01, T-20, A-01, N-14 = 55. Sa vle di ke atravè sandal sa a YAHWEH montrel li mete Satan anba pye'l. Se depi lè sa a, san li pa konen, PAPA YAHWEH ap dil: "DOMINE"!

​

0_edited.jpg
Blue Wall

Chemen Nou Pase

2019

ANTRE LI NAN MISYON AN

Lè Misyonè a rive sou 44 tran li, YAHWEH konfimel, li se GRAN PRÈT Wayòm lan. 44 se 4+4=8 pou chif enfini an pandan'l kouche. Pozisyon kouche sa a tou raple'l akouchman Apokalips 12 te anonse nan dezè a ki se Hayiti. Se ,konsa Misyonè a rantre Hayiti, anba dife founèz adan manifestasyon pèp la lan dezè a. Li kite Republic Dominikèn kotel tap viv. Ak tout 4 pitit vânt li plis yon grandèt, yon adopte, li etabli kòl ak premye ti Tanp ble syèl la lan Kafou  kwa Fleryo Taba 27, anfas simityè a. Aprè referans dènye liv Malachi nan ansyen testaman an, Taba 27 la sete senbòl finisman 27 liv Nouvo Testament an. Tout sa anonse lè a rive pou zosman deseche yo jwenn restorasyon Lavi Syèl la te pwomèt la.

2020

DEKLARASYON MISYON AN

Pou sa ki poko konen, Èv, Vyèj Mari ak GRAN PRÈT la se  menm fil reyenkanasyon paske premye Abel la te préfigure YESHUA ki vi'n jwe wòl mouton ki pou lave peche dezobeyisans ki te chita kòl nan lento pòt limanite a kap pise giyon anda. 29 Desanm 2019, nan premye deklarasyon YAHWEH ak bouch GRAN PRÈT la, li deklare bay pitit Izrayelit li yo li retounen ak DIS KÒMANDMAN PLIS LANMOU. Sa vle di tou 2 Testaman yo akonpli, sanztann YAHWEH vini ak yon men fè nan yon gan vlou ki se Jistik lanmou. Yo se mouche ak madam,Tankou Solèy ak lapli, youn pa mache san lòt. Dis Kòmandman ak Lanmou se tankou zo ak vyann pou èt imen an, se zosman deseche ki resevwa benediksyon chè a. 

bottom of page